Baz
Eske ou gen moun ki rayi w? koman w fè konen? eske dèfwa se pa paranoya ki fè nou panse nou chaje Haters? Kòman pou w deal avèk yo lè yo reyèl? Nan premye epizòd Baz nou resevwa Manmi Soso ki se yon jèn fanm ki renmen fè bizniz , li aprann relasyon piblik e li renmen meble lespri l nan li epi swiv kou an liy. Manmi Soso gen yon filozofi vag lè sa gen rapò a sa lòt moun panse de li. li pa bay sa regle anyen pou li li viv lavil jan l swete l la. Li viv anpil sitiyasyon kote yap fè move komantè anba post facebook ak instagram li oubyen kote bon zanmi l ap pale l mal, sitou li deja gen yon kompòtman agasan. Li pataje nan eksperyans sa yo avè nou e li koman li fè deal avè yo.
3 jaksot
Kommentit
0Ole ensimmäinen kommentoija
Rekisteröidy nyt ja liity Baz-yhteisöön!