
Aloita 7 vrk maksuton tilaus
Kokeilun jälkeen 7,99 € / kuukausi.Peru milloin tahansa.
Kaikki jaksot
2 jaksot
Ranvwa... 10zè nan maten Yon bwat Poud Beny fèy Kivèt blan Moucha nan ren 7 ne Klèmezin ap benyen mò l Mò a ale Jan l te vini an San anyen Malpalan di Mò a pa kite byen Men mò a kouche kouche l Gen moun ki di S on lafyèv Gen lòt ki di Mò a mouri mò bondje Mò a fin mò Pouki tout koze sa yo? Bò djo pran yon kou Sa s on bon kleren Penti a bèl Li ap pi bèl a midi Kav la gen lontan l pa sekle Mò viv nan pwòpte Pè savann De balèn Yon nap tou blan Tab la gen twa pye Libera ap chante Sanble pè a prenè wi Ti tabak ap vole Anba tonèl la chaje moun Sèkèy la fèt ak bon planch Mò a byen enstale Granchimen Separe Lakou mò a Ak simityè a Poukisa yo pa pase devan mèt bawon ak mò a? Fout timoun fèmen bouch nou Nou pa wè sa k ap fèt la Gen kesyon ki merite repons Bouch kav la ouvri 17 lajè Se konsa sa ye Yon dènye pèl Kav la bouche ak bon senp Klèmezin vire tèt li Tout moun te fin ale Yo kite l poukont li Ak mò l Soulye sa t ap kase pye l Koulè nwa sa la pou yon lane Yon tan dlo desann sou vizaj li Klèmezin gade timoun yo Li poukont li Solèy midi Penti a klere sou kav la Yon bèl limyè anvayi simityè a Silans Mò a poukont li Yo di a minui l ap tanmen anfle Mò a ale Pou l pa janm tounen ...

Entwo Ti Sentaniz (Esè)
Aloita 7 vrk maksuton tilaus
Kokeilun jälkeen 7,99 € / kuukausi.Peru milloin tahansa.
Podimon podcastit
Mainoksista vapaa
Maksuttomat podcastit