Omslagafbeelding van de show Ti Chèz Ba The Podcast

Ti Chèz Ba The Podcast

Podcast door Ti Chèz Ba The Podcast

Engels

Persoonlijke verhalen & gesprekken

Tijdelijke aanbieding

1 maand voor € 1

Daarna € 9,99 / maandElk moment opzegbaar.

  • 20 uur luisterboeken / maand
  • Podcasts die je alleen op Podimo hoort
  • Gratis podcasts
Begin hier

Over Ti Chèz Ba The Podcast

Yon pòdkas ki dekri eksperyans jèn ayisyen k ap evolye nan yon kontèks sosyal souvan twò konsèvatè. Yon konvèsasyon ant zanmi ki adrese tout sijè! A podcast describing the experiences of young haitians evolving in a social context often too conservative. A conversation with friends addressing all sorts of topics! Support this podcast: https://anchor.fm/ti-chz-ba-the-podcast/support

Alle afleveringen

21 afleveringen

aflevering Covid-19 artwork

Covid-19

Pandemi coronavirus la ap frape anpil peyi depi mwa desanm ane pase. Menm pi gwo pisans mondyal yo pa epanye pa efè maladi sa pote. Nan nouvo epizòd sila, Abèy yo te chita ak yon Doktè Nemològ, Joëlle Philogène.  Yo te brase lide sou Covid-19 e ki jan sa te afekte peyi Dayiti ak antouraj yo. Doktè a te rakonte ki jan pandemi a te afekte li nan travay li, ki jan li te adapte a nouvo viris sa a epi ki efè maladi a fè sou ni malad ni pèsonèl medikal la. Yon pèspektiv ki diferan e ki te pote anpil lòt aspè nan kestyon Coranavirus la! --- Support this podcast: https://anchor.fm/ti-chz-ba-the-podcast/support [https://anchor.fm/ti-chz-ba-the-podcast/support]

11 nov 2020 - 1 h 1 min
aflevering Eksperyans pa nou artwork

Eksperyans pa nou

Apre yon ti tan Abèy yo tounen ! Yo te oblije pran yon poz nan koze anrejistreman pòdkas la poutèt pandemi coronavirus ki te fè ravaj nan monn antye a! Yo tounen ak yon epizòd trè pèsonèl! Yo te pwofite ba nou ti òpdet sou kijan yo te oblije adapte yo a nouvo reyalite monn nan epi sou kisa sa te chanje nan lavi chak jou yo! Pi plis toujou, Abèy yo te fè yon rale mennen vini sou eksperyans pa yo ak koze lanmou! Branche pou pataje moman entim sa ! --- Support this podcast: https://anchor.fm/ti-chz-ba-the-podcast/support [https://anchor.fm/ti-chz-ba-the-podcast/support]

11 nov 2020 - 1 h 2 min
aflevering Rape artwork

Rape

Nan yon nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, abèy yo chita pale sou koze vyòl. Yo adrese koze a epi pwofite pale sou definisyon zak sila nan peyi isit ak lòtbodlo. Nan epizòd sa nou resevwa de envite: Marly ki se yon viktim vyòl ki te chwazi pataje eksperyans li ak nou. Ak anpil kouraj li echanje pawòl ak nou sou ki jan li te viv dram sa e ki jan li kontinye viv vi li an apre. Nou resevwa tou Mèt Françoise B. Bonhomme, yon avoka ayisyen. Li pataje konesans li sou aspè legal kestyon vyol la epi eksperyans li nan entèraksyon li ak viktim agresyon seksyèl e latriye. Sijè sa te leve anpil emosyon epi li grafik anpil kidonk epizòd sa a pa rekomande a timoun piti. --- Support this podcast: https://anchor.fm/ti-chz-ba-the-podcast/support [https://anchor.fm/ti-chz-ba-the-podcast/support]

11 nov 2020 - 1 h 28 min
aflevering Abortion artwork

Abortion

Nan nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a, Abèy yo te pale sou koze avòtman. Yo te chita analize kèk pèsepsyon ak move konsepsyon ki souvan genyen sou sijè avòtman nan sosyete nou an. Yo te pwofite pale tou sou metòd fanm itilize an Ayiti pou fè avòtman epi  bwose sou risk kèk ladan yo ka pote. Pou ede yo kouvri sijè a yo te resevwa Doktè Gianni Decastro ki se yon medsen jeneralis, li se Direktè Ekszekitif nan Profamil ki se yon ONG ki ofri sèvis nan sante seksyèl ak repwodiksyon. Li te rive mete a klè pou nou anpil nan pwoblèm ki antoure kesyon avòtman nan peyi Dayiti kote lalwa toujou konsidere zak sa a tankou ilegal. --- Support this podcast: https://anchor.fm/ti-chz-ba-the-podcast/support [https://anchor.fm/ti-chz-ba-the-podcast/support]

11 nov 2020 - 1 h 4 min
aflevering Faith & Abstinence artwork

Faith & Abstinence

Nan nouvo epizòd odyo-vizyèl Ti Chèz Ba The Podcast la, Abèy yo te chita ak koup Ann-Sophie ak Jean Luc ki te rakonte nou eksperyans yo ak abstinans anvan maryaj an rapò a lafwa yo. Koup la te eksplike nou motivasyon yo dèye desizyon abstinans anvan maryaj yo te fè apre yo te deja aktif nan sèks, yo te pataje difikilte ak avantaj yo te rankontre pandan ak apre etap sa nan la vi yo. --- Support this podcast: https://anchor.fm/ti-chz-ba-the-podcast/support [https://anchor.fm/ti-chz-ba-the-podcast/support]

11 nov 2020 - 1 h 5 min
Super app. Onthoud waar je bent gebleven en wat je interesses zijn. Heel veel keuze!
Super app. Onthoud waar je bent gebleven en wat je interesses zijn. Heel veel keuze!
Makkelijk in gebruik!
App ziet er mooi uit, navigatie is even wennen maar overzichtelijk.

Kies je abonnement

Meest populair

Tijdelijke aanbieding

Premium

20 uur aan luisterboeken

  • Podcasts die je alleen op Podimo hoort

  • Geen advertenties in Podimo shows

  • Elk moment opzegbaar

1 maand voor € 1
Daarna € 9,99 / maand

Begin hier

Premium Plus

Onbeperkt luisterboeken

  • Podcasts die je alleen op Podimo hoort

  • Geen advertenties in Podimo shows

  • Elk moment opzegbaar

Probeer 30 dagen gratis
Daarna € 13,99 / maand

Probeer gratis

Alleen bij Podimo

Populaire luisterboeken

Begin hier

1 maand voor € 1. Daarna € 9,99 / maand. Elk moment opzegbaar.