The Coach Linda Show
We talked about donations/giving back.
Sé la primera persona en comentar
¡Regístrate ahora y únete a la comunidad de The Coach Linda Show!
$99 / mes después de la prueba. · Cancela cuando quieras
131 episodios
SEKRÈ LAVI EP. 1 — POUKISA TOUT MOUN SANBLE RAYI W?
Medam, Mesye… rale chèz nou. Gen yon kestyon anpil moun poze tèt yo an silans: “Poukisa tout moun rayi m?” Men tann. Èske se vre tout moun rayi w? Oswa èske ou pase twòp tan ap gade moun ki pa renmen w… jiskaske ou bliye moun ki renmen w? Sa se youn nan sekrè lavi. Lè yon moun kritike w, ou sonje l pandan twa jou. Men lè dis moun di w: “Mwen fyè de ou,” pafwa ou bliye sa nan dis minit. Kounye a, koute m byen. Pa bay yon moun ki pa renmen w monopòl sou tèt ou. Wi. Mwen di monopòl. Paske depi ou leve, se moun nan w ap panse. Ou poste, ou mande tèt ou sa l pral di. Ou abiye, ou mande tèt ou sa l pral panse. Ou reyisi, ou gade pou wè si l wè sa. Chè mwen… moun nan gentan pran yon chanm nan lespri w epi li pa menm peye lwaye. Gen moun ki pap janm renmen w. Se pa paske ou pi bèl. Se pa paske ou pi rich. Epi se pa toujou paske yo jalou. Pafwa pèsonalite nou pa mache ansanm. Pafwa valè nou diferan. Pafwa fason ou pale irite yon moun. Epi ou konnen kisa? Sa nòmal. Pwoblèm nan kòmanse lè ou bezwen tout moun renmen w pou ou santi ou gen valè. Ou pa bezwen genyen tout sal la. Ou bezwen konnen kiyès ou ye lè sal la pa bat bravo pou ou. Se la matirite kòmanse. Donk pwochen fwa ou santi tout moun rayi w, poze tèt ou twa kestyon: Èske se tout moun vre? Èske mwen bay opinyon kèk moun twòp pouvwa? Epi… èske gen yon bagay nan konpòtman pa m mwen bezwen korije? Paske sekrè lavi se pa toujou di: “Yo jalou de mwen.” Pafwa ou dwe grandi tou. Men apre ou fin egzamine tèt ou, si ou konnen ou ap mache dwat… Kontinye mache. Pa rete sou wout la pou konvenk chak moun ki pa renmen fason ou mache. Mwen se Coach Linda. Sa se Sekrè Lavi. N ap pale ankò. Orde here https://order.online/store/48325321 Call this # 5618003017
Kisa ki mo bay la/what is giving/donate
AFRICAN TRIBE 🔥 CHABA LIMEN DIFE SAN ALIMÈT 😳
Yon mistè ki fè tout moun sezi…Tradisyon. Konesans. Pwisans natirèl. 🌍🔥 👀 Moun yo pa ka krwar sa yap wè!🗣️ Tout peyi a ap pale de sa! 🎙️ The Coach Linda Show📺 Disponib sou Spotify #AfricanTribe #Chaba #CoachLindaShow #Haiti #Tradisyon #Podcast #Viral #Mystery #AfricanCulture #Spotif
🎙️ PASTÈ ARMEL KAP MANDE FIDÈL SI YO FÈ? 😳
Verite a ap fè anpil moun sezi!Kesyon cho, reyaksyon fò, ak tout detay yo nan emisyon espesyal sa a avèk Coach Linda. 🔥 Èske se verite?🔥 Ki kestyon Pastè Armel poze?🔥 Kisa Fidèl reponn?🔥 Sa kache dèyè tout pale sa yo? Pa rate analiz eksklizif sa a!👇 Kite opinyon pa w nan kòmantè yo. #CoachLindaShow #PasteArmel #Fidel #HaitiNews #Ayiti #PodcastKreyol #Eksklizif #CoachLinda
Mezanmi Ariu, Samy &Trood
Yon episode kap fèw sezi oh
Comentarios
0Sé la primera persona en comentar
¡Regístrate ahora y únete a la comunidad de The Coach Linda Show!